Guival Mercedat - 20 Dec 2000, 11:55:21:
Ayiti, peyi’m, pi fò nan pitit ou fè yo nye ou. Anpil nan nou bliye ki jan ou te bèl avan ou te ba nou nesans. Ou te bèl anpil, se sa ki fè yo te ba ou non Pèl antiy yo. Ou te kon’n travay anpil, ou te men’m bay piyajè ki kon’n vi’n piye ou yo tankou Angletè, Lafrans, ak Lèzetazini te jwenn anpil resous nan ou. Piyajè sa yo pase prèske 200 zan ap itilize prop pitit ou pou ka fè ou chita sou dèyè ou.
Ayiti ou pwal gen yen 200 zan, se ak anpil kouraj ak chagren ke wap aproche gwo dat sa ki te fete nan Gonayiv, Men ki te mwen di ou Ayiti Manman’m, Peyi’m gen yen yon lè pou yo ba ou yon chans pou avanse.
Genyen yon lè pou ou avan tout bagay, lè sa sèl Bondye ki konnen’l, sèl sa nou ka fè kounye a, se rete mobilize, rete ap batay pou ou vi’n granmoun tankou tout peyi, menm sa nou te kon’n ede. Lè sa na leve drapo nou wo, e na mande pou dedomaje nou pou sa yo te fè nou, tankou vole lò nou nan rezèv, vole il nou yo ak anpil ankò.Guival Mercedat, Enjenyè