Message from AYITI - Canada

Return to Message Board.

Jafrikayiti - Dec 2003:

Mesi Boukman !
Mesi Cecile Fatima !

Mesi Toya !

Mesi Papa Dessalines !

Jodi a, nou lakay. Nou sot ranmase yon sewon sou channmas devan pale nasyonal ki klere an ble e wouj. Nou sot pran akolad fre ak se nou k ap fe vey de nui pou kolon pa vin vole libete n.

Nou damou ou Ayiti. Nou damou ou Ayiti. N ap viv ak ou. N ap viv pou ou. Jodi a ou bel anndedan ke ou. Demen nou va bourike pou nou fe ou vin bel nan tout ko ou.

Wi ou merite lanmou nou Ayiti manman cheri nou an. Manman Libete !

Nan innedtan anko ou pral gen 200 lane depi ou ap reziste malsite, mechanste kolon esklavajis ki pa janm vle kite move mes.

Nou di tout fre ak se nou. Pitit Lafrik Ginen. Tout fre ak se nou pitit late ki soti nan zantray lot kontinan - men ki kontan selebre libete neg Lafrik Ginen, menm jan noumenm tou nou selebre libete pou tout lot pep, pitit Bondye...nou di ou BON FET !

Viv Ayiti manman Libete !

Bravo Pep Ayisyen....! Bravo ! Nou la pi red !

Jafrikayiti
(Lakay mwen, Ayiti, 31 desanm 2003 Dize 59 nan as we!)