Frantz Jean - Dec 2003:
Malgre tribilasyon w, malgre latwoublay k ap fann fwa w, Ayiti manman, nou toujou kwe nan wou gras a Desalin e lot gason vanyan ki te konprann vale mete tet ansanm jiskaske ou te fini pa abiye w ak bel rad fyete Ble e Wouj jou premye janvye 1804.
A la yon bel fet Desalin, Petyon, Kristof dwe te gaye nan Gonayv Jou sa!
Ala kontan pep Ayisyen sa l alepok dwe te kontan le l ap chante viv libete!
200 zan apre, malgre tet chaje e latwoublay k ap demantibile w , nou toujou kontinye kwe nan wou, Ayiti manman!
N ap di w BON FET.
N ap di w pa dekouraje ak nou,
N ap mande gran met lan pou l ide n fe efo jiskaske n reaprann mete tet ansanm pou ak fyete nou fe yon sel pou n viv yon ak lot tankou fre ak se.
N ap di w anko infwa Ayiti manman, Bon FET.
Frantz Jean