André L. Perceval - Dec 2003:
31 désam 2003
200 zan...
wi,sa fè de san zan depi nou endepandan
Men sitou 200 zan depi nap trimen,
Zòt fè kwè ke'n pa kon'n rinmen
E yo di sé depi nan ginen.
De san zan depi zansèt nou yo té goumen
Pou yo té retire'n nan dan san manman;
Pou yo té libére'n sou joug malvéyan.
ToussaintLouverture,Jn-Jacques Dessalines,gason vanyan
Capois Lamort,Boisrond Tonnerre
M'fwapé pié'm pou'm di ''tonnè''!Koté nou yé?
Li lè pou nou lévé
Pou nou di:''an avan'', li lè pou sa fini,
Li lè pou'n chasé mové lawon, mové zangi
Ki anpeche'n vansé, ki anpeche'n viv
Sa fè twò lontan pitit tè D'Ayiti Toma ap soufri
Charlemagne Péralte e tout lòt yo
Travay la anpil toujou,
Nou mande konkou.
Prété nou entèlijans,préte'n bra ou
Pou'n ka maté malfektè,pou'n ka chasé ipokrit.
Tanpri souplé, nou anba mizè, nou anba maladi
Fanm vanyan ak gason vanyan
Ape goumen lannwit kou la jounen
Men zòdis yo anpil,yo tounen sansi
Pou yo sousé san pèp nou yo
Men kòm zansèt y o te toujou di:''sé libèté ou lanmò''
E map di ayibobo pou yo ankò
Paske nou la, nap kenbé fèm nan renmen,
Men'm lè gen pwòp pitit zantray ou, Ayiti chéri,ke zòt detounen
Pou yo fè pwòp sè ak frè yo mechansté,
Youn ti chans pou peyi'n nou ta vlé mandé
Men nou konstaté ke jwèt la rèd,
Se pwen'n fè pa mò rèd!
Alòs,se batay pou'n batay ak kouray zansèt nou yo
Nap lité pou sa chanjé, nap goumen san kanpo.
Drapo sa-a ke zansèt nou yo té mouri kité pou nou an
Nan gwo koken'n chen'n batay Vètyè,
Lè nou gadé drapo sila-a, sé pou'n té santi nou fyè
Pou nou di mèsi jénéral Toussaint Louverture,mèsi papa Dessalines elatiye
ki té bannou fyèté sa-a men'm lè yo té fè konplo pou touye yo,Yo té di ke rasin libèté a fon nan tè, lapé reboujonnen tou tan gen tan.
E nou di pou listwa, fòk sa chanjé!Bòn fèt ti peyi mwen rinmen an,Ayiti Toma
Mwen avek ou malgré mwen lwen ou.André L. Perceval
ka