Jude Gardy Jean-Francois - Dec 2003:
Rete 1jou apeprè pou Ayiti fete 200 lane depi lanperè Dessalines te deklare pa gen esklavaj ankò sou teritwa peyi sa-a. Jou pase, jou vini rèv LIBÈTE Grandèt sa-a ak tout lòt yo ki te mouri pou kase chenn lesklavaj la nan pye moun nwa poko janm tounen reyalite Total kapital la. Jodi-a sou wout pou nou viv lib toutbon an, nou nan yon kalfou kote move van ap soufle, panik ak kè kase gaye nan mitan pitit pitit Dessalines, Toussaint, Christophe, Capois La Mort , Boukman, kòmandan Cécile Fatima, yo...Gen je k'ap gade ki pa wè, ki pa konprann sa k'ap pase la-a. Gen je k'chwazi pa wè. Men,genyen e fòk genyen ki rete tou kale pou ede frè l' ak sè l' yo rete sou bon chimen an. Chimen linite, chimen solidarite, chimen konbit.Pèp ayisyen sa-a, li genyen pou li wè, li genyen pou li pase. Pèp nèg ak nègès sa-a ki make ak san yo, ak fòs yo ak kouraj yo ak detèminsayon yo, yon eritaj li kite pou rès limanite. Yon eritaj ki pou aprann tout latè ke, Nou, Nèg konnen sa sa vle di sivilizasyon, nou konnen sa sa vle di respekte fondal natal Moun, e se avèk gwo valè sa yo, ki simayen tou patou sou wout listwa peyi mwen, Ayiti, nanm tout ayisyen grandi. Se avèk valè sa yo, malgre tout kout fo kout plim nan liv listwa ak tout pawòl komokyèl, tout pitit pitit moun nwa sou latè gen pou yo grandi enpi y'ap kontinye grandi san yo pap janm bese tèt devan pyès moun pou tout tan k'ap gen tan.
Twou manti pa fon, se sa grandèt nou yo di nan pawòl sajès popilè-a. Jounen jodi-a se kalfou 200 lane tribilasyon, kote koulye-a se chenn nou pa wè yo pou nou retire, se chenn move lizay nou aprann yo pou nou retire, chenn ki pa pèmèt nou kwè nan tèt nou yo pou nou retire. Se tout vye chenn ki anpeche nou grandi jan nou dwe grandi tankou moun LIB, ki kanpe drèt, Jan Zansèt nou yo te swete pou nou Grandi. Se nan aprann aksepte diferans ki genyen kay lòt yo san nou pa chache elimine li paske nou pa dakò, se pou nou aprann diskite ak tèt frèt pandan se byennèt tout pitit peyi-a nou wè, e se sa ki pou Bousòl nou tout tan.
Ayiti manman se pawòl sa yo ki soti nan fon kè mwen pou ou nan Lokazyon 200 Lane depi ou vin lib.
Bòn Fèt Ayiti, Bòn Fèt tout ayisyen
Pitit ou, Frè ou
Jude Gardy