Kiki - 18 Dec 2000, 15:47:30:
Ayiti cheri, lè m te gen pou m kite ou, se trip mwen ki t ap rache. Menm ak distans, mwen pa sispann suiv ou, e lè mwen tande mizè w ap pase toujou, dlo sot nan je m. M ap kontinye lapriyè pou w retounen: "La Perle des Antilles", men, annatandan m ap kontinye renmen ou san kondisyon.Bòn fèt cheri,
Kiki D.