Message from Maryland

Return to Message Board.

Serge Bellegarde - Dec 2003:

1804 - 2004. Desan lane depi Pèp Ayisyen ap goumen pou diyite li. Desan lane depi li refize bese tèt li kit devan klas dirijan kap toupizi li oubyen peyi lòt bò dlo kap eseye fèl mache nan chimen li pa vle.
Se listwa Pèp Ayisyen, yon listwa goumen san rete e li panko janm bouke. Se omaj sa map bay pèp sa nan lane 2004, lane Bisantnè a. Malgre kokenchenn kriz nap viv koulye a, kote politisyen ap goumen pou pouvwa san yo pa pran ka yon peyi ak 7 milyon moun ladan, pèp la rete ak tèt li klè e li pa pè di sal vle.
Toutotan ou gen yon pèp konsa, gen lespwa, malgre tou sa yo di, malgre tou sa yo fè kont li.
Bòn fèt, Ayiti! Bòn fèt Pèp Ayisyen!