Message from New York

Return to Message Board.

Francois-Marie Michel - Dec 2003:

M ta renmen w vèt kon powo
M ta renmen w banda kon lawouze
M ta renmen fre tankou van nan pyebwa
M ta renmen w founi tankou Fore De Pen
M ta renmen w donnen tankou Pik Makaya
Dekwa pou lè 2104 rive
Moun bliye repwòch
Kon timoun bliye kazak, chiyadò ak depandans

Ayiti, m ta renmen w Loko-Vasiye
M ta renmen w klè kon dlo kòk
M ta renmen w separe trip ak pay
M ta renmen w kanpe drèt
M ta renmen w toujou di non
Dekwa pou lè 2104 rive
S atò kolon blan tankou nèg
Gen pou rezoud kastèt libète Nèg Mawon

Ayiti, ou konn siklòn, ou konn menas
Men w konn taktik, ou konn pliye
Ou mawonnen pou reparèt
Paske wou se sole k fè kòk chante
Fè travay desann bwa, sonnen lanbi
Rasanble vwazen, vwazin, ak son vaksin
Mache nan lawouze seche timaten
Pou al plante konbit nan chan joudlan

Pou tout tan gen tan
Pou tout tan gen tan
Ayiti vèt kon powo
Fre kon Lawouze
Gran kon Makaya
Fyèr kon Sitadèl
Brigan tankou Vèrtyèr
Endepandan kon Gonaiv