Message from Ottawa, Canada

Return to Message board

Jafrikayiti - 11 Jan 2000, 14:55:21:

Ayiti manman mwen, bòn fèt!
Ayiti kinan mwen, bòn fèt!

Respè frè mwen, respè sè mwen.

Se pa ti kontan mwen kontan opòtinite sa-a, paske sa bèl tout bon vre lè nou tout rasanble alantou bèl nègès nou an pou nou chante lespwa-l.

Pou Ayiti cheri, nan okazyon ane 2000 la, mwen swete:

1) M'ap renmen Ayisyen parèy mwen tankou mwen renmen pwòp tèt mwen
2) M'ap kiltive lapè epi ankouraje tout lòt Ayisyen parèy mwen kiltive lapè younn ak lòt
3) M'ap fè tout sa ki nan kapasite mwen pou mwen patisipe tèt kale nan konbit pou bay peyi mwen pi bon lavi
4) M'ap kontinye travay pou devlope bonjan amoni ak kilti mwen, kòd lonbrit mwen, pèp mwen..
5) M'ap konsome epi ankouraje lòt krityen vivan konsome pwodui Ayisyen
6) M' pap pèdi ni tan, ni kouray ap fè kritik negatif sou frè mwen, sè mwen, pèp mwen, peyi mwen.

Epi, alafendèfen, Ayiti cheri, mwen swete ou kòmanse pratike youn bèl ti souri pou visaj ou paske, bèl nègès-anm, nou gen youn sipèb pòtre pou nou tout tire ansanm sou plasdam Gonayiv premye janvye 2004.

Ak anpil lanmou,

Pitit ou: Jafrikayiti