Claudette Werleigh - 8 Jan 2000, 06:23:58:
Nan okazyon ane 2000 ki fèk komanse an,
M vin di peyi d Ayiti:
LAREZONESa m swete pou peyi m, ane sa a
Se LIBÈTE
Libète pa selman la pawòl, opinyon politik,
kwayans relijye, libète asosiasyon ak deplasman;
Men Libète tou pou Dirijan peyi a
pran desizyon konsekan
Ki nan entere peyi d Ayiti ak pitit peyi a.M swete EGALITE tout bon ant Fanm ak Gason Ayisyen;
Moun lavil ak moun andeyò;
Moun save ak moun ki poko konn li ak ekri;
Egalite ant rich ak pòv; milat ak nèg nwa...M swete Gran Mèt la ban nou LESPRI ak SAJÈS
pou rekonèt genyen diferans antre nou ki nòmal,
ki soti nan la Nati;
men genyen diferans Lasosyete kreye.
Ann tabli sou RICHÈS ak KONPLEMANTARITE la Nati mete
Pandan nap elimine tout divizyon
ki ampeche peyi a vanse.Lè sa a, nap rive tabli bon jan FRATÈNITE/SERITE
Antre tout pitit peyi d AYITI
Fratènite/Serite kap pèmèt nou Rebwaze peyi a,
Travay pou tout pitit peyi a Manje byen,
Jwenn Laswenyaj ak bon jan konesans
Viv nan LAPÈ ak KÈ KONTAN.