Message from Boynton Beach, Florida

Return to Message board

Bito David - 24 Oct 2003:

De mil kat (2004)

Selebrasyon de mil kat
Pa dwe fè n bliye kat la mal bat
Kòmkwa nou tout se ta ti katkat
Moun kab blofe ak kaka rat dèyè bwat

Se rapèl reyalizasyon gwo nèg vanyan
Ki pa t ranpe tankou gwo loudo mangouyan
Men ki te konnen devan mechanste malveyan
Pat gen plas pou nèg nwè ki fenyan

Jou zansèt nou yo ta leve
Pou mande n sispann reve
N ap oblije met men pou kòmanse lave
Tabliye ogèy nou ki chaje ak bave

Lè klòch bon jan liberasyon va rive sonnen
Pou mande n sispann mache penpennen
N ap bezwen anpil brav vanyan ki konnen
Pou retire n nan lanfè kote n ap kankannen