Guy S. Antoine - 3 Jan 2000, 12:03:12:
Bòn Fèt Ayiti! Fèt la pase, konbit la ap kontinye. N ap voye mesaj retablisman ba ou jis nou rive nan jou bisantnè la, premye janvye 2004. M espere ke tout pitit ou kèlkanswa kote yo ye nan lemond, ak tout zanmi ou yo a profite pou lanse yon apèl vè oumenm pou nou souke kò nou pou yon jou ou tounen ankò nan grandè ou te genyen an.
Zafè ou tèlman pa bon, gen de moun ki konprann se lo pa'w, ou te fèt malerèz, ou te toujou malerèz, e ou va toujou rete malerèz. Se kousa yo rive kole yon non nan do'w. Non sa se "the poorest country of the western hemisphere", tankou se yon kondisyon ki entegral li ye, tankou non sa fè youn ak idantite'w. A lò yo mechan! A lò yo pa konnen!
N'ap gade yo je nan je, n'ap di moun sa yo sispann ban nou madichon tanpri, nou te neglije'w se vre, men konnyè a nou pral fè yon konbit pou nou retire'w anba men malfetè yo.
Zafè'w mal Ayiti, men ou gen lavi toujou. Nou pa kapab kite'w rann dènye soupi'w.
Tankou zansèt nou yo te sèvi ak kòn lanbi pou yo te sonnen konbit libète a, konbit endepandans politik ou a, epi van te pote son sa soti nan yon plantasyon rive nan yon lòt jouk tout esklav yo te leve kanpe, jodi a se menm bagay la ki pou fèt. Nou pa sou plantasyon ankò, nou tou patou nan lemond. Zouti kominikasyon nou se pa kòn lanbi ankò, se jounal, se radyo, se televizyon, se entènèt. An nou sèvi ak mwayen modèn sa yo pou nou sonnen rasanbleman an.
An nou sispann kritike sa frè nou ap fè, pou nou kapab ba tèt nou valè. Si se kritike sèlman ou vle kritike, si se divizyon sèlman ou vle kreye, pi bon jan ou ka ede peyi a se pou ou ta fèmen djòl ou. Men si ou vle pote konkou pa ou, menm si se yon ti ròch sèlman ou kapab kontribye nan siman retablisman nasyonal sa a, frè mwen, sè mwen, pote li. Se piti piti zwazo fè nich li. Revolisyon Ayiti bezwen tout bon jodi a, se revolisyon ki pou fèt nan kè nou chak an patikilye.
Nou pa ka nan koupe tèt boule kay toujou. Lè sa te nesesè, sa te fèt e li te byen fèt. Men jodi a se yon lòt optik nou bezwen: Se solidarite, se konesans syantifik, se detèminasyon, se tèt ansanm, se sispann gade dèyè pou nou sa fè yon pa annavan, se viktwa lespwa sou lamizè, se jistis egal ego pou tout sitwayen ke li rich ke li pòv, se respè ak travay pou tout moun, se ledikasyon, se lasante.
Sa se revolisyon nou bezwen tout bon an, e li lè pou tout Ayisyen kèlkanswa kote yo ye sou la tè a pran dispozisyon pou yo pote konkou yo nan mezi yo kapab. Tout sa nou fè pou Ayiti, ke li piti ke li gwo, fòk nou fè li tèt kale.
An nou sonnen apèl la jodi a, jouk nou rive nan premye janvye 2004, lè sa na konpare kondisyon nou ak kondisyon nou te ladan premye janvye 2000, epi mwen swete ak tout kè mwen na kontan wè konbyen wout nou kite dèyè, menm si ap toujou gen anpil wout pou nou kontinye fè toujou. Sa ta va yon bèl bagay. Se miyò fason pou nou rive selebre bisantnè nou nan ane 2004 la.