Serge Bellegarde - 03 Jan 2000, 08:52:27:
Mwen swete lane 2000 la, se lane Ayiti ak tout Ayisyen koumanse wè limyè a, pou Eleksyon sa kap vini soti byen, pout tou Ayisyen apran chita pou yo pale youn ak lòt, pou politisyen sispann fè opozisyon kom si se yon jwèt, pou yo panse peyi, pou manyè gen vizyon peyi a, sa ki va pèmèt pou Ayiti rantre nan lane 2000 tou kanpe e non pa chita sou yon vye chèz kraze. Se sa mwen ta ta renmen wè pou Ayiti ak tout pèp Ayisyen.