Message from USA

Return to Message board

Jean-Robert Léonidas - 02 Jan 2000, 05:31:41:

ALELOUYA POU AYITI! Ayiti cheri, Bòn Fèt, Si ou wè lan 2000, wa wè 2004.

Frèm, Sèm, an-nou sispan'n pale peyi nou mal. Non! Peyi nou pa fini. Se nou men'm kap fini, si nou pa jan'm ale visite, si nou ale sèlman lan Pòtoprens. Si nou se moun provens tankou mwen, ale visite lakay. Ale gade lak, riviè, kaskad, jaden kan'n, jaden bannan'n.

Sispan'n pale mal. Sispan'n bay Ayiti madichon. Lèl bon dil bon. Lèl mal dil mal. Men pa bay manti. Pa kraze Ayiti ak bouch nou. Kon sa wa beni e Ayiti va beni. Bòn Fèt Ayiti

Men swete lan 2000 va pezib, yon lane lanmou, linyon, tèt ansanm.