Message from Jeremi - Ayiti

Return to Message board

Pitit Ginen - 28 Dec 2002, 15:55:38:

@@@*#*#*#*@@@ Renmen Ayiti @@@*#*#*#*@@@

Lè-m vini, m tonbe priye
Lè-m parèt m pran rele, kriye
Nan pye yon manman : Ayiti Cheri
Se ak kiyès menm m ap pale?
Ak mòn-yo ki fin chòv anba kout solèy
Plenn-yo ki fin sèch san lawozay
Lè-m vini, m tonbe chante
Lè-m parèt, m pran pale, bèl pale
Nan pye yon bon papa : Ayiti Toma
Se ak kiyès menm m ap pale?
Ak prèske wi milyon moun
Pifò nan-yo ap malmennen
Yon ti ponyen ap byen mennen
Ak yon ti klik kape goumen tankou chen
Nan met ajenou devan Sen Denden pou degouden
Lè-m pran rele byen fò nan tout kalfou
Pou di ke-m renmen Ayiti chouchou
Se kisa menm mwen renmen-an?
Mwen te desann Ayiti al nan vakans
Bèl timoun, bèl moun, se te bèl anbyans
Mwen t al lakay nan kanaval
Tout moun melanje pat gen bosal
Mwen debake lakay pou-m al gade
La vi-a chè, salte tout kote, se sov kipe
Renmen Ayiti, epi-m pa renmen Ayisyen!
M renmen Ayiti, lajan-m anba pay
Nan chofe nan kòf kay tokay
M renmen Ayiti, m pa panse tounnen!
M renmen Ayiti, m pa nan agwikilti!
Mwen refize reve gwo jounen
Ayiti pap chanje san gwo kout men!
Ayiti pap chanje nan pale san fen!
Sa k ap reve ka toujou byen dòmi
Depi prè-d 200zan, sanble yo bwè lanni
Mwen pa fè rèv pou Ayiti
Mwen jire pou-m ede-l! Se sa-m di!
Ane ale, ane vini
Se fòs kouray ki sèl avni!!!
Ane ale, ane vini
Ayisyen-k pou sove Ayiti!!!
Se Kisa w ap fè pou li ???

Pitit Ginen