Message from Queens-Village, NY

Return to Message board

François-Marie Michel - 01 Jan 2000, 16:42:00:

Bònfèt Ayiti! Kouray! Chache tout ti fòs ki rete w, pou rasanble tout pitit ou ki nan politik, pou di yo se pou wou yo la. Tout pitit ou k ap nye w paske w an ranyon, ap mande charite, voye di yo: "Zo yo wè nan granchimen, se vyann ki te ladan n." Epi tou, bourik fè pitit pou do l poze. Lè w t ap bay san mande, yo, se chante yo t ap chante kon lasigal, san travay pou kenbe w nan cheriti a. Epi to pati al nan bò a, dlo a koule pi fre a. Bondje k fè: zafè kabrit p ap janm zafè mouton. Pawòl granmoun! sa p ap janm fobo.

Jodi a, se dwa w pou mande tout piti ou chita bò tab la, paske yo tout koupab. Sa ki t ap piye, piye; sa k t ap chache souse zo, t ap chache souse zo, olye yo te di non. Sa ki te kouri kite peyi a nan avyon jodi a menm, twouve ap twaze sa k te kite pa vwalye. Sa k diplome ap fwape lèstonmak; pandanstan yo pa fouti mete de moun dakò sou yon pwojè. Twòp pitit ou pi enterese nan lonje dwèt jouda sou yon lòt pou parèt pi bon, pi kapab, olye yo twouse manch. Se tou nòmal pou Kaptenn Batsch gen tan pou l konprann lè l badijonnen w ak sa k sot nan mwèl sèvo l, se wou l ap imilye. Erezman, la pou la, ou pouse yon pitit ou rele Killick, pou al bay yon leson-kanson. Sa ekri nan tout libreri Lalmay ak gran peyi. Mèsi manman Ayiti. Ki tan m genyen pou m wont manman m ki fen m sa a,lò m konnen konplo ki fèt sou do l pou yo mete l ajounou; atò l ap debat. Al' on pye mang donnen! Se bravo pou m bat pou manman sa a. M a ride l rekanpe. Men pou twoke a, se swa jamè.
M swete pou pitit ou ki pi konnen yo, aprann: plis yo entelijan, plis yo konnen, se plis rèskonsablite pou yo, pou montre rapas ak pa-te-kwè: san pa trayi san. Se pou nan ane 2000 yo pi fò pitit ou deside f on gwo rasanbleman nèg sòt ak nèg lèspri, moun lavil ak moun nan mòn, pou Bouki al lekòl. Se lò a y a konnen, si dèyè mòn pa gen mòn.
M di bònfèt ankò, manman Ayiti. Ou mèt fete. Denmen sa va pi bèl.