Message from USA

Return to Message board

milou - 1 Jan 2002, 07:53:58:

AYITI cheri Ane 2002 rive e jwenn mwen ak yon bèl souri. Mwen santi m kontan! Depi m leve se wou ki nan tèt mwen. Se yon rèv mwen fè e m wè w Ayiti byen bwòdè, byen pwòp. Mwen voye je m a dwat , a gòch, mwen wè tout moun gen yon ti souri menm jan an avè m, malere tankou grannèg. Espwa sa fè souf mwen manke koupe tèlman m kontan.

Enben, chè manman mwen, m swete solèy la leve maten an e blayi yon reyon antibyotic sou tout ayisyen jodi a defason pou n aprann youn renmen lòt, youn aprann chita ak lòt e anfen pou nou tout ansanm aprann ANTANN nou. Konsa, lè tou pa ane 2002 rive pou l fini, tout pitit ou yo a mete ansanm pou bat bravo e fè louanj ou ansanm pou n di BÒN FÈT AYITI.