Jafrikayiti - 1 Jan 2001, 16:11:40:
Mwen swete 197tyèm anivèsè endepandans sa a jwenn nou ak bon lasante ni nan kò, ni nan nanm. Mwen swete benediksyon Granmèt la,
Bondye Boukmann, Makandal, Martin Luther King, ak Ginen Jezi a, layite sou nou an grannlijyèn. Pou pitit nou fè rèv yon Ayiti kote grangou
kaba epi pou noumenm ki vivan nou gen chans ede yo fè rèv sa a tounen yon reyalite.Ak anpil lanmou pou tout Ayisyen (sòti Site Katon rive nan pwent tèt Mòn Kalvè, san bliye tout fon kè peyi a ak zile Lanavaz)
Frè nou,
Jafrikayiti
«Depi nan Ginen bon Nèg ap ede Nèg!»