Enfliyans Vodou/Vodoun sou lang Ayisyen


[ Fowòm Ayisyen ] [ KESYON MOUN MANDE ANPIL ]

An repons a: Enfliyans Vodou/Vodoun sou lang Ayisyen Guy S. Antoine te ekri a,

Jan Wobè Plasid afiche mesaj sa, jou 22 Me 2001 a 17:42:11:

Gi monchè,

Pou nou te eseye reponn kesyon ou yo, nou te fè youn ti rechèch nan diksyonè Fon -Franse, Segourola (1968); nan envantè etimolojik Pyè Anglad (1998), epi nou te tcheke youn tèks Estèl Emanyèl (1998) te fè parèt sou entènèt.
Men rezilta yo ansanm avèk ti refleksyon pa nou ladan.

1- Mo ki sèvi sèlman nan langay sakre a .

- mo ki nan fòmil majik yo, nan pawòl langay yo tankou :
* zo wanwen sobo kaliso
* sobologwe, sobolovi
* akouwa, akouwa, genou waze
* ayimake vodoun
* koklo gidi ? adjalovi e !
* yanvalou mitchò, miton yèwè,kodjawe
* afitayi ? ayi !
* awochè nago ? awo !
* yanvalou kanwelo
* ayimado kouyenou

- non pwòp lwa yo tankou : Ebyoso, Danbala, Ogoun, Èzili …

- non komen kou :koklo (poul,kòk),dan (koulèv),bosou (kabrit)

2- Mo nan langay sakre an konparezon avèk mo nan langay pwofàn

* hountògi (langay sakre) = tanbourinè,(langay pwofàn)
* houn (langay sakre ) = tanbou ( langay pwofàn )
* houngèvè (langay sakre ) = chèn an kolye ( langay pwofàn)
* marasa, hohovi ( langay sakre ) = jimo ( l.p )
* zen nago ( langay sakre ) = ti chodyè ( langay pwofàn )
* atoutou ( langay sakre ) = akra ( langay pwofàn )
* koklo ( langay sakre ) = kòk , poul ( langay pwofàn )
* agida ( langay sakre ) = bagèt ( langay pwofàn )
* ason (langay sakre) = ti kloch, tchatcha,(langay pwofàn )
* govi ( langay sakre )= boutèy nwa ( langay pwofàn )
* pe, pedji (langay sakre ) = lotèl ( langay pwofàn )
* djevo ( langay sakre ) = wogatwa, ogatwa (langay pwofàn)
* apopo ( langay sakre ) = kabare, ti bak ?(langay pwofàn)

3- Mòfèm nan langay sakre ki rantre nan konpozisyon mo kreyòl

* so = loray,( egzanp : Ebyoso, djiso, asogwemen, sodjèmen)
* gè = latè .(egzanp : gede, gedevi, yegede, genou, legede)
* sou = gason, mal(Kebyosou, atisou, bosou ,dosou, hounsou)
* tchò = silans, silans lannmò ( egzanp : mitchò, tchovi)
* vi = timoùn ( egzanp : pedevi, govi, vigwele, vivi,alovi)
* zo = dife ,cho (egzanp : kanzo, zobop, ratazòtò )
* koklo = kok, poul ( egzanp : zoklo, tèt kokolo, kodase)
* ka = resipyan ( egzanp : katoutou, kalan, kalyèz)


4- Mòfèm nan langay sakre a ki pase nan lizay pwofàn nan atravè lanng kreyòl la :

* marasa . Nan kreyolistik, ( lengwistik kreyòl ), 2 mo marasa sa vle di 2 mo ki sinonim, ki gen menm sans.
* Oungenikon = fanm ki pa konn fè anyen, nan zòn Pòdepè.cf. diksyonè Pèlmann nan.
* Koklo. Nan Nò, yo konn di gason koklo ki vle di gason ki pale anpil., ki pyaye tankou poul.
* Kodase = chante poul lè li ap chante ze ( lanng Fon : koklo do asi = kri poul lè li ap chante ze )
* Vi = timoùn. Pedevi = timoùn ki fèt pandan youn lòt nan tete toujou.
* Sou = pitit gason. Kebyosou ( pitit gason Ebyoso ),se non jwèt Msye Jan Remon, ki se yoùn nan responsab youn gwoup ki rele Foula Vodounle.( pati sa, se youn repons pou Gi)
* Zo = dife. Ratazòtò vle di moùn ki ap koupe tèt, ki ap boule zòt.
* Ka = resipyan. Kalalou vle di plat sòs ak lalo. Kalyèz vle di fanm ki ap pote dlo, pote kleren pou vann, swa nan konmbit, swa nan rara.

Mèsi tout moùn pou bon atansyon nou bay pou pawòl nou ap di yo.

Ak onè respè

Jan Wobè Plasid
Pofesè kreyòl
Sosyete koukouy Seksyon Kanada



Repons sou sijè sa: